Souple tann...

Kisa pou w Fè si w se yon Achtè sou Mache Vandè

27 sep

Kisa pou w  Fè si w se yon Achtè sou Mache Vandè 

Anpil fwa mache vandè an etabli an fonksyon to enterè ipotekè yo ki ba . Fèb to enterè rann achte kay posib ,pou anpil moun , padan l ap ogmante kantite moun k ap achte yo . Plis moun k ap achte fè plis kontra , sa ki fè lojman fini rapid . Anpil achtè ak stk ba lakoz anpil pri kay ap monte. Pri k ap monte koz to enterè ap degringole ki konn ap atire achtè yo sou mache a an premye. 

Retade acha kay ou a. Si w ka retade acha kay ou a l ap pi fasil pou kapab yon achtè aprè yon tan. Menm si li pa gen garanti, men a fòs ke kay yo ap monte ak yon bann vye pri , donk plis achtè ap sispann achte sou mache a. Anpil achtè pa ka jere ni pri ki sou li , ni lajan k'ap an plis la kote y ap oblije  bay mwens ke pri  yo mande a. Yon fwa ke yo kite mache a paske yo pa kapab peye'l , demand pou kay yo ap diminye  epi pri yo ap bese.  

Menm achtè ki rete sou mache kapab dekouraje epi kite l paske depans yo twòp. Sou yon mache vandè, pafwa achtè yo konn oblije pran desizyon byen rapid tankou kout zeklè, e menm lè yo fèl yo toujou pèdi opitinite pou pay pri sou yon kay. Ti jwèt chat ak sourit la kapab dekourajan. Mache vandè a kapab mete vi achtè a nan veyez tèlman li ka nan kouri monte desann al gade chak fwa yo mete yon nouvo kay sou mache a. Achtè yo pedi anpil nan vi sosyal ak distraksyon yo paske tout ti tan yo te genyen pase nan chèche kay. Vi pwofesyonèl achtè a kapab menm soufri de sa . Mache chèche kay sou yon mache vandè pa bagay ki fasil. 

Konsantre w sou bidjè w. Menm si w deside ou non ke mache vandè a se pi bon moman pou w ta achte yon kay, mete tan ak enèji w pito sou finans ou. Gade pi byen pou w wè konbyen kay ou ka jere an reyalite. Souvan sa bank la di ou kalifye pou li a ak sa ke w ka pèmèt tèt ou tout bon an se de bagay diferan. Evalye sa ki enpὸtan pou wou epi poze tèt ou kesyon difisil sa yo tankou : ki enpὸtans pou gen yon gwa ka yak tout vwayaj w ap fè chsk ane yo ? oubyen ki enpὸtans pou genyen yon revni diskresyonè ? 

Lè w fin gade konbyen kay ou ka posede, rèspèkte bidjè w. Pa achte nan tèt cho epi pa depase bidjè w jis paske yo monte pri kay yo sou mache a. Sa pa vo lapenn pou w mete avni finansye w an danje pandan w ap achte yon pwopriyete ki pi chè pase sa w te ka pèmèt ou, sitou si sa gen yon enpak kou lajan ke w t ap sere pou retrèt oubyen  si sa oblije w al fè lὸt dèt ak gwo to enterè sou kat kredi oubyen lὸt prè pèsonèl.(time.com). 

Men tou pa kontante w ak yon kay ke w pa renmen, jis paske w pè pri kay yo k ap monte toutan. Bon kay nan bon pri a ap vini. E si sa pa rive, petèt se pa yon bon moman pou w achte sou yon mache vandè. Mache a ap fini pa ranje kanmenm. Li vo lapenn pou w tann. 

Yon lὸt kote, ekspè yo di toutan w gen lajan la pou yon akont, ou gen lajan sere pou ijans e ou toujou gen lajan pou sere pou envèsti pou retrèt, li enpὸtan pou w pa ensiste sou mache an pou moman an. (time.com). 

Nan yon kote pozitif, si w retade acha yon kay, ou ka toujou travay pou vin pwopriyetè a lavni san w pa bezwen nan chèche kay toupatou. (time.com). Mete lajan akote pou yon akont pi enpὸtan e genyen yon kot kredi pi wo ape de w kalifye pou yon to enterè ki pi ba posib, kèlkeswa kondisyon mache a. konstitye yon fon e pran mezi pou amelyore kredi w ka mete w nan pi bon sitiyasyon finansyè lè moman rive pou achte kay ou.(time.com). 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.