Souple tann...

Sa W Dwe Fè Pandan Vakans Nan Jamayik : 10 Pi Bon Atraksyon Yo.

02 okt

Sa W Dwe Pandan Vakans Nan Jamayik : 10 Pi Bon Atraksyon Yo. 

Planifye vakans nan Jamayik se yon pwosesis pasyonan ! Zile a geny yon kilti rich, peyizaj liksziryan, plaj avèk sab fin, kaskad enkwayab ak menm kèk montay enpozan. Sèl pati ki delika nan kreyasyon vizit ou nan Jamayik w ap reve a se redui nan eksperyans fantastik yo. Lòske w gen tan limite nan yon andwa divèsifye ak mayifik konsa, yon planifikasyon estratejik esansyèl pou w pa manke anyen ! Kontinye li pou w ka eksplore 10 prensipal lye touristik nan Jamayik ki pral enspire vwayaj ou. 

1|Safari rivyè nwa. 

Rivyè nwa se youn nan flèv ki pi long nan Jamayik, li abrite kèk èspès pwoteje. Kwokodil yo te kòmanse ap disparèt otrefwa e yo te rive jwenn pwoteksyon depi la, ki te ramne popilasyon yo a nan yon nonb enpòtan. 

Rivyè nwa Safari se pi bon mwayen pou w apèsevwa animal preyistorik sa yo k ap parèt sou bèj yo, ki niche nan lonbrit pyebwa yo, k ap naje avèk gras nan dlo. Pi bon ankò, gen anpil lòt bèt sovaj nan longè larivyè a ! Obsève pwason yo, zwazo yo ak byen plis ankò lè w rezève yon vizit nan rivyè nwa Safari. 

2|Montay mistik. 

Nan Ocho Rios, montay mistik se yon pak avanti ki pwopoze divès atraksyon, notamman yon  balad atravè forè twopikal liksziryan, yon tiwolyen ki fè monte adrenalin ak menm "bobsleigh"! 

Montay mistik se yon eksperyans karayibeyen inik. Fè yon pwomnad panoramik sou chèz jis nan tèt montay la pou w dekouvri yon mize chaman, yon ba, yon restoran jamayiken, tobogan akwatik ak byen plis ankò. Genyen pou tout gou nan pak avanti nan forè twopikal sa. Detann ou arebò pisin avèk yon bwason twopikal, savoure yon kuizin jamayiken delisye, pwomennen nan yon mize enspiran oubyen amize sou "bobsleigh" sanzantann yo ak tiwolyen rapib la ! Li fasil pou w pase yon jounen antye isi a. 

3| Chit YS 

Chit YS pwopoze egalman kèk tiwolyen pasyonan, men fwa sa, w ap sivole kèk kaskad sentiyan ! Ki sa k gen ki pi bon pase sa pou yon fanatik tiwolyen ? 

Chit yo twouve yo sou yon domèn prive, yo konstitiye yon seri kaskad antoure avèk yon vejetasyon twopikal vibran. Si w pa renmen sansasyon ki fò nan tiwolyen ak balanswa avèk kò, detann ou sou yon sèvyèt cho bò kèk pisin natirèl dlo frèt pandan w ap pwofite solèy jamayiken an. Eksperyans sa se mwayen ideyal pou w rafrechi apre youn oubyen de jou anba chalè twopikal san w pa rate bote ak plezi vakans ou nan Jamayik ! 

4|Chit rivyè "Dunns". 

Pou lòt mèvèy nan kaskad, ale an chit rivyè Dunns, chit ki pi gran ak pi selèb nan Jamayik. Gen moun ki ka menm di vakans nan Jamayik pa t ap konplè san yon vizit nan youn nan ti atraksyon ki pi popilè ak pi frekante sa yo. 

Pou w kaptire grandè chit yo ak jeng anviwonan an, li peferab pou w rezève yon vizit, kote gid yo founi w kèk eleman fasinan sou rejyon an ak mennen w nan kèk andwa kote vwayajè solitè tipik pa ka twouve san konsèy nan lokalite a. Ou pa ka peyizaj enprenab sa nan tèt kaskad la nan wotè 600 pye ! 

5| Plaj seven miles 

Pase yon matine oubyen yon sware detant bò riv sablone plaj seven miles la. Andwa mayifik sa ofri kèk pami pi bon kouche solèy yo, ou ka temwen pandan vakans ou nan peyi Jamayik e konstitiye yon poz trankil byen lwen aktivite vil touristik yo ak pak avanti yo. Non plaj la yon ti kras twonpè paske l merite mwens pase sa. Sepandan, ou p ap rive remake diferans la. Yon sab blan poudre ak klapotis dlo a nan yon ton jwayal sanble dire pou letènite. 

6| Montay ble. 

Petèt ou te tande pale sou kafe renome mondyal la ki soti nan montay ble twopikal yo nan Jamayik ! Kondisyon reyon se yon paradi pou pwodiktè kafe, avèk yon klima, yon ekspozisyon anba limyè ak yon altitid pafè pou yon delisye kafe kiltive nan Jamayik. 

W ap ka wè esplandè montay ble  depi preske nenpòt kote sou zile a, men pa gen anyen ki konparab avèk eksperyans lè w ap admire peyizaj la depi nan somè mayifik mèvèy natirèl sa. Pakouri youn pami plizyè santye randone varye pou w dekouvri flò ak fón nan Jamayik. 

Si w se amatè kafe, rezève yon vizit gide nan plantasyon kafe montay ble pou w konnen tout bagay sou istwa sou kafe jamayiken an ak degiste yon selèb tas kafe ! 

7| Vizite vil Kingston ak mize Bob Marley a. 

Depi w twouve nan fwaye Bob Marley, talantye ak enspiran de renome mondyal, se youn nan tit ki fè glwa zile a ! Si w se fanatik rege oubyen si w ta renmen konnen plis sou yon moun ki enflyan ak kèk chapit fasinan sou istwa jamayiken an, vizite mize Bob Marley gras Kingston city tour. 

Konplete vakans ou nan Jamayik avèk yon vizit nan kay wa rege a, Bob Marley ! Anndan w ap twouve estidyo anrejistreman l kote maji te konn opere ak kèk objè pèsonèl ki rakonte istwa lavi remakab li a. Anplis, pandan vizit ou nan vil Kingston, w ap vizite "Devon house mansions", kote premye milyonè nwa jamayik la t ap viv. Akote kay sa w ap jwenn kèk lòt kay enpresyonan kote lòt milyonè t ap viv. 

8| Twou ble. 

Plonje nan twou ble a nan Jamayik, yon gouf natirèl ki fèt avèk kalkè nan zòn Ocho Rios. Touris yo renmen naje, plonje, fè "snorkeling" ak menm sote nan falèz isi a ! Li fasil pou w konprann poukisa lè w founi yon premye kout zye nan dlo kristalin nan ak nan mayifik dekò jeng liksziryan ak peplaj fón sovaj nan Jamayik. 

9|Gran kay Rose Hall 

Si vakans ou nan Jamayik pa t ap konplè sa yon vizit istorik, ou dwe ajoute yon vizit nan Gran kay Rose Hall sou itinerè w ! Pi lwen pase peyizaj mayifik la sou lanmè Karayib la ak reyon montanye yo w ap jwenn yon espektak enpozan ki rich nan achitèkti ak istwa. 

Sa ki atire kèk touris, se lejann sou sòsyè blan Rose Hall la, ki ante miray gran kay sa. Ki konnen ankò sou non Annie Palmer, li t ap dirije yon plantasyon nan 18è syèk konsa e li t ap renye sou popilasyon an avèk yon mal lanfè. Pou w konnen plis bagay sou istwa trajik ak enkwayab sou sòsyè blan an ak malere viktim li yo, rezève yon vizit nòktin ante nan Rose Hall. 

10|Lagon limine. 

Nan Falmouth gen yon basen dlo fasinan ki briye literalman lè lalin nan klè ! Nan lagon limine, milyon miniskil dinoflajele ilimine dlo tikwaz la avèk biyoliminesans. Espektak sa se yon eksperyans inik nan fason li ki pral devni sètènmam yon souvni ki p ap peri. 

Se youn nan ra kote nan mond la kote fenomèn majik sa dewoule e ki ta dwe figire nan tèt lis bagay ou dwe fè pandan vakans ou Jamayik. 

 
SOUS: Theplanetd.com, Thelovelyescapist.com, Travel.usnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.