Souple tann...

Sa W Dwe Konnen Sou Sezon Siklòn Yo Nan Karayib La.

18 out

Sa W Dwe Konnen Sou Sezon Siklòn Yo Nan Karayib La. 

Si w prevwa fè yon vwayaj nan zile twopikal yo nan Karayib la nan fen ete oubyen kòmansman otòn, gen yon bagay enpòtan w dwe konnen : se pik sezon ouragan yo nan Karayib la. 

Avan w efase mayifik ak rejyon pasyonan Karayib la nan lis destinasyon w, konnen li toujou posib pou w jwenn yon vizit reyisi ak memorab, malgre meteyo sezonye a. Tout sa w ap gen pou w fè se familyarize w avèk sezon ouragan yo nan Karayib la ak sa li enplike. 

Kontinye li pou w konnen plis bagay sou sezon ouragan yo nan lanmè Karayib la ak kòman sa ka afekte vwayaj ou. 

Kisa Sezon Ouragan Yo Ye ? 

Si w pa abitye ak gwo fòmasyon meteyowolojik sa, ou dwe konnen yo defini yon ouragan tankou yon gwo tanpèt ki konpoze ak gwo van ak anpil lapli. Yo devlope ak vwayaje nan kèk rejyon, donk yon pati nan lanmè Karayib la. Sezon ouragan yo nan lanmè Karayib la pwodui ant Jen ak Novanm epi rive pi wo souvan nan mwa Out ak Septanm, men pafwa nan kòmansman Oktòb. Sa depan sou ane ak kondisyon metewolojik anvan ki te sinyale nan dènye sezon ouragan yo. Sezon ouragan yo nan Karayib la karakterize ak gwo lapli, kèk tanpèt twopikal, kèk van vyolan ak yon pi gran risk ouragan. Sepandan tout zile yo pa sijè gwo ouragan dezastre nan fen peryòd ane a. 

Ki Zile Nan Karayib la Ouragan Yo Touche ? 

Tanperati cho yo ak lè imid la pandan yon ete Karayibeyen fè zile yo tounen andwa ideyal pou fè eksperyans ouragan. Tan cho ak dlo se prensipal kontribitè nan fòmasyon ouragan yo, e rejyon sa pa manke sa. 

Erezman tout zile yo pa konsidere kòm danjere nan peryòd sa nan ane a. Zile ki sibi tanpèt ki pi destriktè yo ak pi puisan yo nan ete ak nan kòmansman otòn yo sitiye nan longè senti ouragan yo. Nan yon lòt tèm, li egziste yon bann jeyografik zile nan lanmè Karayib la kote ouragan yo pi fasil pou frape selon fonksyon istwa avèk klima jeneral la. 

Zile sa yo se : 

  • Pòtoriko, 
  • Ayiti, 
  • Repiblik Dominikèn,  
  • Saba, 
  • Nevis,  
  • Bahamas  
  • ak kèk lòt ankò.  

Yon lòt kote, zile ki sitiye deyò senti ouragan yo se :  

  • Awouba, 
  • Bonè,  
  • Babad,  
  • Trinidad ak Tobago,  
  • Grenad 
  • ak kèk lòt ankò. 

Nan sans sa, sezon ouragan yo pa vle di w pa ka vwayaje, men sa ka limite opsyon w yo ak eksperyans global ou. Nan ansanm lan, zòn lès la sibi kèk kondisyon metewolojik ki pa twò vyolan pandan sezon ouragan yo nan Karayib la pase zòn lwès la. 

Ak Kisa Yon Vwayaj Pandan Sezon Ouragan Yo Nan Karayib La ? 

Vwayaje pandan sezon ouragan yo nan Karayib la ka danjere, men tou genyen plizyè avantaj. Egzanp, rezève yon vwayaj sou yon zile nan Karayib la nan fen ete ak kòmansman otòn ap koute w mwens lajan pase tout lòt peryòd yo pandan ane a. Anplis, zile yo pa tèlman gen touris epi dlo a mayifikman cho. Tan estival sou twopik yo genyen egalman kèk tanperati cho ak imid ak lapli detanzantan, kèlkeswa kote w twouve w nan rejyon an. 

6 Konsèy Pou W Pase Vakans Pandan Sezon Ouragan Yo Nan Karayib La. 

Si w swete pwofite espesyal yo ak kèk rediksyon yo pwopoze pandan sezon ki pa twò chaje a nan Karayib la, mete sekirite w an premye pandan w ap suiv konsèy sa yo. 

1| Fè Rezèvasyon An Avèk Yon Asirans Vwayaj. 

Tout ajan vwayaj oubyen vakansye pasyone ap konseye w pou w souskri yon asirans vwayaj lòske w ap vwayaje sou yon zile nan Karayib la pandan sezon ouragan yo. Anpil nan yo ap kenbe w okouran sou dènye modèl ak previzyon metewolojik yo epi yo kouvri anpil fwa anilasyon sou vòl yo. Se yon desizyon entelijan lòske w deside vwayaje avèk yon tan enprevizib konsa ak potansyèlman danjere. 

2| Yon Fèb Risk Pa Vle Di Pa Gen Risk Menm. 

Se pa paske w chwazi yon destinasyon deyò zile ki istorikman touche nan sezon ouragan yo ki vle di w pa bezwen enkyete w pou anyen. Nan tout rejyon twopikal la li esansyèl pou w familyarize avèk kondisyon metewolojik defavorab yo ak konnen kòman pou w prepare w. 

3|Planifye kèk aktivite altènatif. 

Lòske kèk gwo lapli oubyen tanpèt kawotik entèwonp vakans twopikal ou, ou pral bezwen anpil lòt altènatif nan avanti anplennè ki fè zile yo nan Karayib la selèb anpil. 

Me kèk aktivite pou w reyalize anndan ke w dwe konsidere lòske w ap vwayaje pandan sezon tanpèt yo : 

  • Aprann tout bagay sou istwa zile a nan yon mize tou pre a. 
  • Admire kilti rich zile a nan yon galri atizay lokal.  
  • Fè acha nan yon sant kòmèsyal kouvri. 
  • Eksplore kèk vizit enteryè nan izin ki fè chokola oubyen brasri. 

5| Ou Dwe Pare. 

Prepare valiz ou pou w fè yon vwayaj pandan sezon ouragan yo ap lejèman diferan parapò avèk lòt moman pandan ane a. Kèlkeswa kote w prale, ou pral kwaze avèk lapli tout kote, prefere w prepare pou sa. E nan ka ijans yo, ou p ap regrèt deske w te anbale kèk bagay ou te ka petèt neglije. W ap jwenn anba a, kèk bagay ou dwe konsidere pou vwayaj ou nan Karayib la pandan sezon ouragan yo : 

  • Enpèmeyab ak bòt pou lapli 
  • Vès pou lapli 
  • Sak ki pa pran pou aparèy elektwonik ak kèk lòt objè ki gen valè 
  • Bagaj kip a pran dlo 
  • Parapli 
  • Chapo 
  • Twous premye sekou 
  • Lanp pòch ki sèvi avèk batri ak batri kòm rezèv 
  • Chajè pou telefòn pòtab pou w pa gen pwoblèm si ta gen pán kouran. 

6| Verifye mizajou metewolojik yo. 

Dènye bagay ou ta vle, se pou lapli ta bare w deyò anba yon gwo tanpèt. Lòske w ap pase vakans pandan sezon tanpèt nan Karayib la, li ankò pi esansyèl pou verifye toutan dènye mizajou yo ak previzyon metewolojik yo. Nan fason sa, w ap kapab planifye pwòp jounen nan sans sa, epi rete alabri kèk sitiyasyon danjere oubyen enkonfòtab 

 

SOUS: Caribjournal.com, Afar.com, Avilabeachhotel.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.