Souple tann...

Avèk Ki Sa Lavi Ensilè A Sanble Nan Karayib La ?

07 jen

Avèk Ki Sa Lavi Ensilè A Sanble Nan Karayib La ? 

Lavi ensilè a nan Karayib la se yon melanj bote natirèl, richès kiltirèl ak cham dekontrakte. Kit se prelase nan yon amak, savoure kwizin lokal la oubyen eksplore kèk krik kache, lavi nan Karayib la envite rezidan yo ralanti, pou apresye bote moman an e twouve lajwa nan plezi senp yo anndan paradi sila. Nan blòg, ou pral plonje nan wo ak ba sou lavi ensilè a nan Karayib la e jwenn kèk konsèy ki kapab ede w pandan tout wout la. 

Avantaj Lavi Sou Zile Yo Nan Karayib La 

Antoure avèk dlo ki klè e palmye ondilan, zile a reveye anba bri dou vag yo ak chalè solèy twopikal la. Jounen yo dewoule tou dousman, sa ki pèmèt ou konsantre w sou sa ki enpòtan olye w sousye pou w arive nan lè oubyen akonpli sifizamman tach nan yon sèl jounen. 

Viv nan Karayib la ofri w pi bon kote nan lavi a. Soti nan kèk mache kote lari anime pou rive nan lavi nòktin palpitan an pou ale nan plaj kalm e izole yo, Karayib la ofri yon divèsite eksperimantal. Moun yo adere ak yon santiman kominotè e koneksyon, kote vwazinay la viv tankou fanmiy pandan etranje yo ap bay yo kout men. 

Tèlman gen fasèt nan lavi ensilè a sa fè l vin tankou yon rèv je klè. W ap jwenn anba a kèk pami avantaj ki pi enpòtan konsènan lavi a nan Karayib twopikal la. 

Klima Twopikal La Nan Karayib La 

Pwofite yon klima twopikal avèk kèk tanperati cho, anpil solèy ak kèk presipitasyon okazyonèl pandan tout ane a. Yon jounen tipik sou yon zile gen kèk tanperati ki chita ant 70 e 80 degre Fahrenheit. Gen kèk sezon prensipal tou. Men sezon sèch la etann kò li jeneralman soti Desanm pou rive Avril, avèk yon ti kras presipitasyon e yon imidite ki fèb. Sezon lapli a li menm etann jeneralman soti nan mwa Me pou rive Novanm, ki make ak yon imidite ki pi elve ak kèk tanpèt twopikal oubyen kèk ouragan okazyonèl, patikilyèman nan mwa Dawout pou rive Oktòb. Laplipa nan zile yo resevwa moyennan 8 è jiska 10 è solèy chaj jou, sa ki fè yon destinasyon popilè pou amatè plaj ak solèy yo. 

Plaj E Plennè 

Zile yo nan Karayib la ofri yon gàm varye anviwònman eksteryè, yo chak ofri pwòp peyizaj pa yo ak aktivite inik pou vizitè yo. Peyizaj grandyoz ak tè avantire yo fè Karayib la yon paradi pou moun ki damou lanati e amatè sansasyon fò yo, li ofri anpil eksperyans ki adapte ak tout enterè e nivo aktivite a. 

Me kèk pami prensipal tip anviwònman eksteryè ou kapab twouve nan Karayib la :  

  • Plaj 
  • Forè twopikal, 
  • Montay ak vòlkan 
  • Resif koralyen 
  • Gwòt ak kavèn. 

Nouriti Delisye 

Kwizin Karayibeyen an se yon fizyon vibran nan savè ak enflyans afriken, ewop, kèk pèp otoktòn ak azi, ki reflete listwa rich e divèsite kiltirèl rejyon an. Nan pla yo yo itilize kèk engredyan frèch e twopikal tankou bannann, yanm, manyòk, nwa koko ak kèk epis tankou tim, piman jamayiken ak piman Scoth Bonnet. 

Youn nan eleman ki pi anblematik nan kwizin Karayibeyen an se fwi lanmè yo, avèk kèk pla tankou pwason griye, krevèt kreyòl e benyè konsi yo. Anplis, gen vyann tankou poulè jèk ak kochon, ki marinen nan yon melanj asezònman epise e awomatik, mete valè sou kwizin Karayibeyen odasye e savoure a. 

Moun Yo Amikal 

Karayib la trè koni gras popilasyon chalere e akeyan li a, yo chaje avèk ospitalite ak konvivyalite, ki kreye yon atmosfè leman pou vizitè yo. Yon valè fondamantal an kilti Karayibeyen an se valorozasyon lyen kominotè, familyal e sosyal yo, ki pwouve gras yon veritab chalè e yon ouvèti anvè etranje yo. Depi w rive, pwobableman yo pral akeyi w avèk yon bèl "BONJOU" amikal e yon asistans oubyen yo ka pwopoze w kèk kote pou w ale oubyen gade. 

Mòd Lavi A Fasil 

Youn nan eleman ki pi enpòtan nan lavi sou zile tout kote nan mond la se mòd lavi dekontrakte e fasil pou viv la, li rekonèt egalman sou non "Tan ensilè yo". Nan Karayib la orè yo fleksib e evènman souvan kòmanse pi ta pase lè ki te prevwa a. Pwofite moman prezan an e bay priyorite ak relasyon yo olye estrik respè kèk delè, ki se mòd lavi kouran an. 

Kontrèman avèk Etazini e kèk lòt peyi Ewopeyen, kèk aktivite tankou prelase w nan plaj, manje trankil avèk kèk zanmi ak fanmiy ou, danse sou mizik se kèk eleman majè lavi a, men se pa travay, siksè relatif ak kèk reyalizasyon. 

Enkonvenyan Lè W Ap Viv Nan Karayib La 

Byenke Karayib la ofri anpil atrè ak avantaj, lavi ensilè a genyen tou kèk enkonvenyan potansyèl, tankou tout lòt destinasyon. 

Ouragan E Katastwòf Natirèl Yo 

Karayib la pa ekate posibilite pou l gen ouragan, tanpèt twopikal ak kèk lòt katastwòf natirèl, patikilyèman pandan sezon ouragan yo soti mwa Jen pou rive Novanm. Sezon sa ka lakoz gwo dega materyèl, pètibe lavi kotidyen an e mete sante w, sekirite w, ak pwòch ou yo an danje. Zile yo byen prepare pou afwonte kawo sa evantyèl tanpèt yo ka pwovoke, se sa k fè rezidan yo pa tèlman panike pou sa. Men, tanpèt yo souvan enprevizib e li toujou egziste yon risk enpak ki pa piti. 

Posibilite Pou Travay Limite 

Posibilite pou anplwa nan Karayib la kapab limite, an patikilye sou zile tourisktik popilè yo kote pri byen e sèvis yo kapab patikilyèman elve. Byen enpòte yo jeneralman chè akoz pri transpò a, e pri lojman an kapab konsa tou nan zòn ki trè demande yo. 

Defi Sanitè 

Si gen kèk zile nan Karayib la ki dispoze kèk etablisman sante modèn, kèk lòt ka genyen yon aksè limite konsènan kèk swen medikal bon kalite ak kèk trètman espesyalize. Ekspatriye yo e rezidan yo dwe egzamine minisyezman opsyon swen sante yo pou yo asire yo genyen yon bon kouvèti asirans. 

Prepare valiz ou, paske w pral adore lavi ensilè a nan Karayib la ! 

 

Sous: https://www.globalcitizensolutions.com/, https://thegreenhubonline.com/, https://fantaseajewelry.com/ 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.