Souple tann...

Poukisa ou dwe chwazi yon konplèks ak fὸfè ki gen tout bagay?

18 okt

FotoKoutwazi  ven20 foto 

Poukisa ou dwe chwazi yon konplèks ak ffè ki gen tout bagay?

Ki sa ki yon konplèks ki gen tout bagay? 

Yon konplèks ki gen tout bagay deja define tèt li. Yo nan tout sans mo a, tout bagay. Ou peye yon kantite lajan devans  anvan ou ale. Pandan ke chak yon konplèks  gen  pwòp lis li yo nan sa ki nan ladan l ak sa ki  pa ladan l, an jeneral yo tou mete nan pri a poubwa, chanm, manje, bwason, alkòl, enstalasyon, klas, aktivite., Amizman, jwèt, konpetisyon ak spektak (gofargrowclose.com). Souvan,yo konn mete tou vòl, transpò pou ale ak pou soti nan ayewopò a, espò nan dlo, ak anpil lὸt (protrav.com). 

Sepandan, "verite a chita nan nan ti karaktè ki enprime tou piti yo(sandals.com). Asire w ke w li sou sa ki enkli ak eskli, pou w  pa gen okenn sipriz lè w rive. Ou dwe li tou kὸmantè yo, chache plis enfὸmasyon sou fason w ka anile, aprann sou politik anile ak revize asirans vwayaj ou anvan ou rezève (smartertravel.com). 

Konsènan  dèstinasyon konplèks ki gen tout bagay yo 

Konplèks ki gen tout bagay yo souvan sitiye nan pati ki pi cho nan mond lan, patikilyèman Meksik ak Karayib la. Yo kopye modèl sa sou klèb med fransè a, ki Bèj Gérard Blitz te fonde nan lane 1950 (en.wikipedia.org). 

Gen kèk konplèks ki fèt pou kèk vakans espesifik, tankou granmoun sèlman, marye sèlman, enterè fanmi, enterè atletik, ak aktivite andedann tankou deyò. Pou egzanp, konplèks ki akse sou fanmiy ka gen enstalasyon tankou sant atizana, chanm jwèt, pak akwatik, ak yon klèb timoun ki pèmèt  timoun ki gen tout laj amize yo (en.wikipedia.org). Selibatè ki renmen yon ti kras plis kwen oswa koup ki vle yon èskapad  trankil ak amoure ka jwenn plan granmoun. Konplèks ki gen tout bagay yo tou trè popilè pou maryaj ak lin de myèl. 

Benefis nan yon konplèks ki gen tout bagay 

Bagay ki etonan lè w rete nan yon konplèks ki gen tout bagay  an jeneral ou pa bezwen peye anyen yon fwa ou rive nan konplèks la sof si ou vle fè yon aktivite siplemantè. Tankou yon jou spa oswa yon pwomnad deyὸ pwopriyete a (protrav.com). Lè w gen vwayaj ou ki peye konplètman sa fè tèt ou poze. Lè ou retire fado lajan sou do w epi w gen enpresyon ke tout bagay gratis sa pèmèt ou rilaks epi jwi vakans ou plènman. 

Kevin Hernandez, vis prezidan lavant ak estrateji dijital nan Vakans Express, yon konpayi ki ofri pakè vakans ak yon bann opsyon konplèks ki gen tout bagay ak destinasyon nan Karayib la pou tout kalite vwayajè eksplike: 

Vwayajè ki rezève vakans nan plaj ap chache detant ak plezi; pa gen anyen ki pi rilaksan ke lè w konnen ou ka amize w nèt al kole san w pa bezwen enkyete w ke pral gen lajan pou peye a la fen. Nou tout renmen pwofite de vakans, kidonk, gen posibliblite pou genyen manje, bwason, distraksyon ak anpil lt aktivite nan yon yon sèl pri bay anpil valè a kliyan nou yo (usatoday.com). 

Konplèks kote w ap jwenn tout bagay yo ede w rèspèkte bidjè ou (cvent.com). Lè w fin peye davans, an jeneral ou pa gen anyen pou peye ankὸ. 

Anplis rezèvasyon an fasil pou fèt. Olye ke w chita pèdi tan nan chèche chak detay nan vwayaj la, pito w chwazi yon konplèks kote w ap jwenn tout bagay, ekipman, nivo konfὸ ak pri ki pi bon pou wou, ak fanmi w. Asire w ke stasyon ke w chwazi a pwopoze aktivite ke ou menm ak fanmi w ta renmen pwofite de yo, paske de tout fason w ap peye kanmenm. 

Lè w fin chwazi konplèks ou a, ou pa bezwen panse a anyen ankὸ. Gen anpil kas tèt ou pap genyen nan zafè deside kote ou pral manje, kisa pou fè epi kὸman ou pral ale kote w vle ale a.  

Si w prefere pa janm deplase kote w ye a. w ap jwenn yon sèvis 24/24. La plipa otèl yo ki ofri ffè tout bagay yo gen anpil anplwaye k ap pwonmennen ki pare pou pote ba w tout sa w vle (gofargrowclose). 

Nouriti ak bwason 

Laplipa nan konplèks yo sèvi repa sou fm bifè oubyen nan stil familyal, ki bay anpil chwa nan manje. Ou gen aksè a tout nouriti, kolasyon ak bwason ke w vle 24/24. Genyen kèk ffè kote w ka jwenn manje nan restoran. Ou dwe verifye ki bwason w ap jwenn, paske tout boutèy yo ap gen bon kalite bwason oubyen bon varyete diven. 

Rezime 

Si w ap chèche yon mwayen pou pran vakans san strès ak yon bidjè ki pa anpil (an patikilye nan bèl plaj Meksik oubyen nan Karayibla) ki pwopoze anpil aktivite pou wou, pou wou ak menaj ou, pou wou ak fanmi w, konplèks kote yo pwopoze tout bagay yo se wout pou w swiv la! 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.