Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
01 okt
Lajamayik se twazyèm pi gran zile ki nan Karayib lan. Li pwan endepandans nan men Angletè an 1962. Malgre endepandans Lajamayik toujou pa an avans nan pwosperite ekonomik li. Anpils fanm nan Lajamayik fè eksperyans inegalite nan zafè jwenn opòtinite pou travay. E malgre peyi a ap fè jefò pou egalize pèyman avèk opòtinite. Dwa fanm nan Lajamayik kontinye yon gwo pwoblèm.
Dwa fanm genyen pou ofri yon anviwònman pou ki bon e ki pwodiktif pou tout fanm kapab fè biznis yo. Epi peye tout moun egalman kapab ede tout sosyete Lajamayik e li kapab ede ekonomi an grandi. Men sa se sèl pwoblèm ki genyen nan dwa fanm nan Lajamayik.
Definisyon dwa fanm
Vrè definisyon dwa fanm dwe konsa:
“Dwa fanm (oubyen dwa femèl) se yon pwosesis pou bay fanm dwa. Li ka defini nan plizyè fason, tankou aksèpte lide fanm yo, oubyen fè jefò pou chèche yo. Monte tèt yo nan zafè ledikasyon, konsyans, fè lekti, avèk antrènman. Dwa fanm pèmèt fanm yo pou yo kapab pwan desizyon nan lavi nan diferan pwoblèm nan sosyete a. Yo kapab jwenn opòtinite pou yo redefini wòl gason ak fiy oubyen nenpòt lòt wòl, sa ka vin pèmèt yo genyen plis libète pou yo kapab pouswiv rèv yo.” Wikipedia.com
Kidonk nou pwal fè pwen sou definisyon ki te bay la.
Chèche e aksèpte lide fanm
Chanje atitid ki nan kilti jamayikèn se fanm sa yo yo ki nan politik kounyea. Lisa Hanna se yon manm nan palman “Saint Ann South East Constituency “ nan Lajamayik.Ms Hanna bò kote pa li ap trase wout pou dwa fanm kapab pase e l ap fè jefò pou yo kapab tande vwa fanm yo. E yo vrèman bon nan travay sa y ap fè a.
Ansyen metòd kiltirèl ki te egziste nan pase paka kontinye ankò. Yo mennen nan abi sou fanm e fè yo rete nan lamizè. San pawòl yo, yo pa kapab fè anyen.
Leve tèt fanm yo
Pa gen dout ke si n leve estati fanm nan kilti Lajamayik sa ap ede nan jefò pou dwa. Men se kòman sa ap fè fèt? Definisyon an di a travè ledikasyon, konsyans, fè lekti, avèk antrènman tout bagay ka fèt.
Premye prensip lan se ledikasyon fanm nan peyi a pouki fèt. nou panse se yon bon statistik ke 94% fiy ale lekòl nan Karayib la, e menm si yo ta rive kontinye, yo pa jwenn yon bon travay. E lè yo jwenn yon ti travay yo peye yo mwens ke gason.
Pwoblèm jenn tifi yo ki ap tonbe ansent bonè se yon lòt gwo obstak nan avansman ledikasyon bò kote fanm yo. Anpil fanm oblije kite lekòl apre yo fè pitit, epi retounen lekòl apre yo fin fè pitit ka pa yon bon chwa.
Se la ke chanjman nan kilti avèk règ nan sosyete a vin pwan pye.
Patisipasyon sosyetal
Patisipasyon lasosyete se yon devwa nan agrandisman sitiyasyon sa e sa ap pèmèt gen yon chanjman ki pi bon chak ane. Bòn nouvèl la se ke gwoup sa yo travay avèk fanm yo nan mouvman dwa yo nan diferan fason.
Erezman, genyen fondasyon sant Fanm nan Jamayik k ap ede manman adolesan yo tounen lekol gras a konsèy, yon soutyen matènèl, fὸmasyon pwofesyonèl pou sila kip aka retounen lekὸl. anplis, yo bay resous pou anpeche yo ansent san pa vle ni twὸ bonè.
Apre sa genyen asosyasyon tankou Kayifi Youth Outreach,, kote pwofesyonèl, ekspè, ak moun kinan biznis rasanble pou yo ka ofri konesans pa yo, sa yo ka fè avèk konsèy a jenès Karayib la. Lè nou edike e ankouraje fanm ak gason nan zafè egalite e fason sosyete a dwe panse, nou kapab komanse wè yon pi bon fiti pou ni fanm ak gason k ap viv Lajamayik.
Lòt pwoblèm dwa fanm ap konfwonte.
Apre sa nou fin site pi wo yo, li sèten ke règleman kilti Lajamayik bezwen anpil travay. Me kèk sijè sosyete a kapab ede avèk dwa fanm nan Lajamayik.
Se yon batay ki toujou ap kontinye nan mond la, men dwa fanm kapab amelyore avèk yon priz de konsyans avèk patisipasyon.
Site: Wikipedia, Emerald.com, Jamaica-gleaner.com, dogoodjamaica.org