Souple tann...

Lis Bagay ou gen pou w Fè pou Nouvèl Ane a.

02 fev

Lis Bagay ou gen pou w pou Nouvèl Ane a. 

Lè w ap reflechi sou bagay sa, prepare yon lis konsa sanble yon bagay ki dwòl. Poutan, sans modèn nan iltilize yon objektif ki diferan avèk metòd tradisyonèl la ki chita sou bagay ou dwe fè avan w mouri. Yon lis konsa se yon konpilasyon aktivite, avanti ak kèk destinasyon kote w ta dwe al vizite. Sa w ap jwenn nan yon lis konsa, se jeneralman kèk opòtinite ki inik. 

Eske w te anvizaje kreye yon lis bagay ou dwe fè nan Karayib la pou ane 2023 a ? Zile yo nan Karayib la inik epi kilti yo rich, yo genyen anpil bèl kote pou moun al vizite, kèk avanti palpitan ak kèk eksperyans ou p ap jwenn tout kote. 

Ebyen, leve pye w, fèmen zye w, koute van an k ap soufle nan mitan pye palmis yo epi santi vag lanmè a k ap mouye pwent pye w. Answit kontinye lekti a pou w kòmanse kreye lis bagay ou dwe fè nan Karayib la. 

1| Naje ak kochon nan Bahamas 

Yo rekonèt Bahamas pou lavi marin yo a ki remakab anpil e ki ra. Sepandan, atraksyon sila a ka choke w, arebò lanmè yo, genyen yon zile gwouyan avèk anpil kochon sovaj. Byenke kochon sa pa orijinè nan Karayib la, moun yo panse kochon sa yo te rive sou zile a apre yon bato te fin koule, ki te genyen anpil kochon sa yo ki te estoke ladann kòm nouriti pou pirat ki te nan bato sa. Jodi a zile sa rantre nan tèt lis bagay moun dwe fè oubyen al vizite nan Karayib la. Fè yon ti pwomennen nan bato bò mayifik zile sa pou w ka naje avèk kèk kochon nan Bahamas. Ou mèt kwè, sa ap rete yon souvni k ap dire w pou lavi. 

2|Vin fè fas avèk enkwayab vi marin nan sou zile Bonè 

Lè touris yo ap vwayaje nan Karayib la, se pa yon bagay ki etonan, w ap toujou wè yo chwazi al plonje anba lanmè oubyen yo fè yon plonje an apne. Kit ou se yon debitan, kit ou se yon plonjè pwofesyonèl, oseyan sale yo ki antoure zile Bonè a, ou pa ka manke yo. Plonje nan dlo ki gen koulè ble melanje ak vè pou w ka wè kèk koray vibran, kèk flè ki gen koulè chanjan, kèk barakouda masif avèk anpil lòt bagay ankò. 

3| Al gade dlo yo k ap briye nan Pòtoriko 

Dlo k ap briye? E wi, se vre! Pòtoriko genyen sèl grenn bè biyolimenesan nan mond lan. Al fè kayak sou kèk dlo k ap briye e ki ranpli avèk kreyati biyolimenesan yo rele dinoflajele. Bèt sa yo ki soti nan yon lòt mond briye lannwit pou yo kreye yon eskperyans kaptivan e majik. 

Aktivite sila "Caribbean Bucket List" trè bon pou vwayajè k ap chèche kèk opòtinite ki ra avèk fanmiy ki swete kreye kèk souvni dirab. 

4| Al viv fèt pou tout yon vi nan Senkristòf 

Si w ap chèche yon fèt, se Senkit pou w ale. Chak ane, soti nan mwa Novanm pou rive premye jou nan nouvèl ane a, anpil zile nan Karayib la selebre kanaval avèk kèk dans anime, kèk defile festif ak kèk lòt tradisyon inik. Senkit akeyi anpil evennman pasyonan pandan tout ane a. 

Plonje nan yon kilti vibran lè w chwazi vizite Senkit pandan youn nan plizyè evennman memorab yo pou kanaval la. 

5|Al fè "Cliff Diving" nan peyi Jamayik 

Pa gen pi bon fason w ka ajoute yon avanti ki chaje avèk adrenalin nan lis bagay ou dwe fè nan Karayib la pou ane 2023 a, pase vwayaje nan Jamayik pou w ka plonje bò falèz yo. E si plonje yon kote ki mezire 30 pye pa pou ou, li eksitan tou lè w kanpe ap gade sa. Plis ankò eksperyans elektrizan sa a gen yon manje enkwayab ki akonpanye li. Plonje nan falèz la nan "Rick's Café" nan Negril nan peyi Jamayik epi degiste espesyalite lokal yo pandan w ap amize w! 

Pa bliye, se youn nan bèl peyizaj ki genyen nan peyi Jamayik nan moman solèy la pral kouche. Eske sa amelyore? 

6|Lwe yon zile prive 

Wi, sa w li a se sa li ye menm. Ou ka lwe yon zile antye nan Karayib la pou ou menm sèl. Men kounya, se kòman sa pase kòm yon eleman nan lis la ? Gen kèk zile prive ki disponib pou lwe nan Bahamas, nan zile Vyèj Britanik yo, nan Beliz ak nan kèk lòt zòn ankò. Kèk nan zile prive yo gen anpil resanblans avèk kèk sant vilyajeti pèsonèl, ki gen yon ba ak yon restoran ki bay yon sèvis konplè. Ak kèk lòt bagay ki ka chame w e ki pitorès pou satisfè anvi w pou w detann ou ak pou w ale lwen kèk traka kotidyen. Eske w ka imagine w k ap reveye sou yon zile twopikal, tande vag yo k ap frape, plonje dwèt pye w nan yon sab ki dou ak yon tas kafe cho nan men w. Mennen zanmi w, fanmiy ou, avèk pwòch ou yo pou w ka ofri yo yon eskapad ki pa tankou lòt yo. 

7|Vwayaje nan yon nouvo mond nan "Harrison's cave" 

"Harrison's cave" te ka byen rele uityèm mèvèy nan mond la. Fòmasyon fasinan sa fèt ak kalkè ki mayifik epi li genyen kèk bèl wiso, kèk basen dlo ki trè fon ak kèk kolὸn an kalkè masif. Fè wonn Ekoavanti sa pou w ka genyen enpresyon w ap vizite yon lòt planèt! 

Youn nan pi bon kote ki genyen nan atraksyon sa, se paske w ka chwazi fè yon vizit pratik nan tram oubyen w ka ap benyen konplètman nan majik "Harrison's Cave" la, vizit avantirye sa ap kite w tou mouye epi kouvri ak labou alafen. 

Kelkeswa avanti w ap chèche ajoute nan lis bagay ou dwe fè nan Karayib la, aprann konnen zile yo genyen anpil opòtinite ki inik avèk anpil lòt bèl bagay ankò. 

 

SOUS: Mangotreetravel.com, Goolets.net/, Onestep4ward.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.