Nwèl nan Karayib : Tikè w pou yon fèt cho nan 2024
20 Dec
Souple tann...
24 jen
Premye jounen entènasyonal anyèl sou lasante pyebwa yo te fèt 12 Me ki sot pase la a, yon jounen ki pwomèt anpil bagay pou tout nasyon ensilè nan Karayib la. Men, poukisa jounen sa gen tout enpòtans sa pou Karayib la ?
Repons la senp : sekirite alimantè. Preske 67.5% nan ti zile yo nan Karayib la ap travèse sa yo rele yon eta ensekirite alimantè ki kritik anpil. E akoz ogmantasyon katastwòf natirèl yo dènyeman an la, ibanizasyon, enpòtasyon ak ekspòtasyon elatriye, sitiyasyon an ap vin kritik chak jou. Gen yon bagay ki ta dwe fèt an ijans pou sa epi FAO fè yon entevansyon.
Enpòtans sante pyebwa yo genyen.
Dapre FAO, ki se òganizasyon nan nasyon zini pou kesyon alimantasyon ak agrikilti, "Pyebwa ki an sante ka ede nou elimine grangou, redwi povrete, pwoteje anviwonnman an ak estimile devlopman ekonomik la".
Pyebwa yo reprezante 98 % nan oksijèn n ap respire a ak 80 % nan manje n ap konsome chak jou yo. Poutan 40 % nan kilti nou depann de li yo ap detwi chak ane akoz ravajè ak maladi. Non, sèlman sa, men chanjman klimatik la tou ak entèferans kay lòm pote anpil modifikasyon nan biyodivèdisite planèt la.
Zile yo nan Karayib la depann anpil de agrikilti pou yo rantre lajan e asire sekirite alimantè. Sa vle di, se kisa nou ka fè?
Kisa nou ka fè?
Pwoteje pyebwa yo se yon travay ki enpòtan anpil e ki pral mande pou plizyè òganizasyon ak sitwayen ki volontè rantre ladann. Si tout moun te ka enterese sou lasante pyebwa yo ak kèk filyè nan domèn agrikòl, nou t ap kòmanse konstate yon gwo chanjman nan sekirite alimantè a. Anplis, lè nou sansibilize tèt nou ak lòt moun anpil sou yon pwoblèm ki potansyèlman grav, sa pèmèt sosyete nou devlope epi ekonomi mondyal la, nou kontribye ladann tou.
Men kèk eleman enpòtan premye jounen entènasyonal anyèl sou lasante pyebwa yo, pral kòmanse travay sou yo depi konnya.
"Nasyon zini chwazi 12 Me kòm joune entènasyonal pou lasante pyebwa yo, nan sousi pou sansibilize lemond yon manyè pou yo rive konprann, kòman si yo jere sante pyebwa yo, sa ka kontribye yon fason pou nou fini ak grangou nan mond la, redwi pwovrete, pwoteje biyodivèdisite ak anviwonnman an, ak estimile devlopman ekonomik".
-FAO.
SOUS: FAO.com, Caricom Today, Green Queen, springer.com