Souple tann...

Yon Fokis Sou Sante Fanm Yo.

15 avr

Yon Fokis Sou Sante Fanm Yo. 

Medsen R Kiri-an Bridgewater-Lyon, obstetrisyen e jinekològ respèkte, te pote sipò li nan pwodwi a baz jenjanb e safwan antanke sipleman pou sante fanm yo. 

Pi presizeman, li prekonize itilizasyon yo nan jere divès pwoblèm tankou doulè règ, kèk enfeksyon tankou andometriyoz e soulajman kèk noze ki lye avèk gwosès. Sipò li a, ki kowenside avèk mwa sou sansibilizasyon andometriyoz nan mwa Mas, souliye yon evolisyon nan direksyon sou apwòch olistik kèk swen medikal.  

Selon World Health Organization (WHO), "Andometriyoz deja touche anviwon 10 pousan (190 milyon) fanm ak tifi ki nan laj pou fè pitit nan mond la". 

Entèvansyon Avèk Medsin Altènativ La. 

Medsen Bridgewater-Lyon rekonèt yon peyizaj medikal chanjan kote pasyan yo pa sispann chèche kèk solisyon altènativ. Li souliye enpòtans pou bay medam yo mwayen pou defann tèt yo yo menm gras ak rechèch. Olye yo apiye sèlman sou medikaman konvansyonèl yo, li souliye enpòtans entèvansyon dyetetik yo, ki rekonèt aliman kòm medikaman. 

 Jamaica Mountain Peak te pwofite sou apwobasyon medsen Bridgewater-Lyon an pou yo pibliye yon seri videyo viral ki pwoklame byenfè dite jenjanb safwan sa yo. Medsen Bridgewater-Lyon souliye nesesite pou kèk altènativ pi asire, notamman konsènan risk ki asosye avèk trètman tradisyonèl yo. 

Jenjanb ak safwan genyen kèk pwisan pwopriyete anti enflamatwa, krisyal pou kèk maladi tankou andometriyoz e SOPK, ki souvan karakterize ak yon enflamasyon. Medsen Bridgewater-Lyon, ki tou dènyeman te akeyi yon tifi, ateste efikasite dite jenjanb lan genyen pou konbat noze gwosès lakoz yo. 

Yon Angajman Ki Byenvini. 

Patenarya ant Salada Foods e medsen Bridgewater-Lyon souliye angajman komen yo anvè sante fanm yo. Pandan l pwize nan ekspètiz li ak sipò li, Salada vize pou l sansiblize sou byenfè medisinal jenjanb ak safwan nan sans sa yo ofri fanm ansent yo yon solisyon efikas e asire pou soulaje noze yo. 

Nan yon kontèks pi laj, kèk inisyativ tankou asosiyasyon pou sante fanm yo nan Karayib la (CWHA), ap chèche remedye nan disparite nan matyè sante matènèl ak enfantil. Yo ofri yon sipò e yon edikasyon sou divès sijè konsènan lasante, notamman alètman matènèl, sante mantal e planifikasyon sante repwodiktif. 

Malgre  gwo atansyon k ap grandi pou sante kèk kominote etnik minoritè nan Wayòm Ini, nou konstate yon absans remakab nan rechèch sou sante medam yo nan Karayib la. Rapò yo mete an evidans kèk disparite nan matyè rezilta sante parapò avèk omològ britanik blan yo, sitou nan sa ki konsène kèk maladi tankou dyabèt, ipètansyon ak aksidan vaskilè serebral yo. 

Yon Pwoblèm Sante K Ap Devlope. 

Sante Mantal fanm yo nan Karayib la manke fè sijè etid, paske yo plis poze aksan sou kèk maladi grav lakay gason yo. Gen kèk sijè tankou sante seksyèl ak repwodiktif ki merite tou yon atansyon patikilye akoz pousantaj pi elve nan kesyon gwosès lakay adolesan yo ak enfeksyon seksyèlman transmisib yo. 

Akoz fado grandisan kèk maladi kwonik ak estrès kèk pasyan/swayan, se yon obligasyon pou n reponn ak bezwen sou kesyon sante fizik e mantal fanm nwa yo. Konble falèz an matyè rechèch e konpreyansyon se yon bagay krisyal pou amelyore byennèt jeneral tout fanm nan Karayib la. 

SOUS: www.jamaicaobserver.com, www.cwha.org, www.frontiersin.org, www.who.int 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.