Souple tann...

Gen yon Kriz sou ti Lous k ap Devlope nan Karayib la.

20 me

 

Gen yon Kriz sou ti Lous k ap Devlope nan Karayib la.

Dapre kèk sous, ti Lous yo ap mouri nan lanmè Karayib la nan yon nivo ki elve anpil. 

Gen syantifik ak plonjè ki remake yon rediksyon remakab nan kategori sa, nan zòn Antigwa, Sent-Lisi, Dominik ak Jamayik, Sen-Vensan, Saba, Zile Vyèj Ameriken yo ak Kozimèl nan zòn Meksik. Pi pwo defisi nan kategori sa a, se te nan ane 1983 e sa te preske fini ak popilasyon sa. Paske 90% nan popilasyon sa te rive pèdi lavi yo. 

Lè sa te fenk kòmanse, sèl kategori ti Lous ki te touche, se sa k gen koulè nwa yo. (Diadema Antillarum). Se yon kategori ki fasil pou w remake akoz plim yo ki file anpil. Men depi lè syantifik yo ap swiv fenomèn sa, ti Lous yo santi, ni yo, ni ze yo ponn yo pa anpè nan lanmè a. Nan kad yon kolaborasyon pou amelyore dispozisyon kèk gwo ròch ki twouve yo nan lanmè a nan zòn nan. Yon maren biyolojis e k ap dirije yon pwogram rapid sou ròch ki twouve yo nan lanmè Atlantik la ak Gòlf la te deklare sa : "Sa enkyete nou anpil, sitou paske l fèt rapid", se Patricia Kramer ki te fè deklarasyon sa. Tout kote nan Karayib la, plonjè ak chèchè remake ti lous k ap flote sou lanmè a, anba lanmè plen ki mouri e k ap dekonpoze, kèk nan yo ki pa preske pa gen plim sou kò yo ak kèk lòt ou remake po kò yo fè yon sèl ak zo kò yo. 

Kèk Karakteristik yon Ti Lous Genyen. 

Ti lous nwa a gen yon fòm tankou kokiy, ki fè l sanble ak lòt yo. Longè plim ki sou kò l rann li diferan. Ou ka wè pifò pikan ki sou li yo mezire soti youn pou rive twa santimèt. Men pikan ki sou kò yo ki gen koulè nwa yo, jeneralman mezire soti 10 pou rive 12 santimèt nan longè e li konn menm rive nan 30 santimèt. Kreyati sa yo viv nan yon distans ki varye soti nan 1 pou rive nan mèt pa rapò wòch ki nan lanmè a. E yo pa renmen kote ki fè klè, w ap plis wè yo ka kache kò yo pou evite twòp klète ak kote ki pa gen twòp bri. 

Ki sa ki Koz y ap Mouri Konsa ? 

Nou poko ka di egzakteman sa ki koz y ap mouri nan nivo sa. Men gras kèk pwogrè teknolojik ki fèt depi nan ane 1980, syantifik espere jwenn pi byen vrè koz la. Sepandan, akoz moun yo peche anpil nan lanmè Karayib la, sa vin koz yon gwo ogmantasyon kèk Gwo Alg", ki vin konplike pwoblèm nan pi plis. 

Li obligatwa pou travay yo nan "Atlantic and Gulf rapid Reef Assessment" ak plis pase yon douzèn gwoup nan Karayib la ak Etazini kontinye pouswiv rechèch yo, pou yo rive konprann sa k ap pase ti Lous yo konsa. Mete fren nan pwoblèm sa avan l vin anpire menmjan ak nan ane 1980 yo se sa k pi enpòtan, paske popilasyon "Oursins" kòmanse ap retabli. 

Poukisa ti Lous" yo Enpòtan pou Karayib la ? 

Ou ka pa t janm konnen sa, men yo elimine  Gwo yo e se nou ki konsome yo, e sa pèmèt popilasyon koralyen aktyèl la ak sa k ap vini yo, jwenn posibilite pou yo kole nan wòch yo epi grandi. Gwo wòch sa yo ofri yon pwoteksyon kont siklòn, gwo van tanpèt, lè nivo lanmè a ogmante ak kèk pwoblèm ki gen lyen ak rechofman klimatik. San n pa bliye yo atire anpil touris vin pase nan Karayib la. Sa pa yon sekrè pou kenn moun, zòn Karayib la genyen anpil vi nan lanmè yo, ak anpil koray ak pyebwa. Tout kalite espès sa yo, youn depann de lòt, yo tout ansanm fè yon ekilib ki pa piti. 

Karayib la gen bezwen moun ki pou la pou veye sou "Oursins" ki sanble ap mouri ak sa k mouri deja. Konsa syantifik yo ap ka suiv pwoblèm nan pi byen epi evalye dega yo. Wòch koralyen yo deja tèlman frajil, si nou pèdi wòch sa nan rejyon sa ka koze gwo domaj sou vi nan lanmè a ak sou zile a menm.  

SOUS: scubadiving.com, thecaribbeannewsnow.com, cbsnews.com, journalgazette.com, viconsortium.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.