Nwèl nan Karayib : Tikè w pou yon fèt cho nan 2024
20 Dec
Souple tann...
09 nov
Ou tande sa byen. Lejislatè Antiyè ameriken fache pou depὸte migran Ayisyen yo nan sid Texas. E yo mande Prezidan Biden pou kanpe bagay la.
Manm kongrè Yvette D Clarke deklare bay Caribbean Media Corporation : « Plis pase 14 000 Ayisyen depὸte soti Etazini nan semenn k ap vini la, e sa pa gen anyen pou wè ak la rezon lè DHS [ Department of Homeland Security] ap debouye l pou voye tounen migran ayisyen yo nan yon peyi an kriz, » epi li kontinye deklarasyon sila. « Kolèg yo ak mwen menm nou te eksprime nou plizyè fwa e nou erki anpil lèt kote n mande kanpe sou ekspilsyon sible migran ayisyen yo. »
Nan deklarasyon sa, li site kijan pratik sa danjere e initil. Paske Ayiti ap kontinye soufri de kriz ke l ap kontinye andire tankou sa yo anba a :
Evènman yo kite peyi devaste e popilasyon an ap soufri.
Anplis, Clarke te plede konsa : « Mwen mande yon moratwa imanitè sou ekspilsyon sible sa yo. Konnya, pli ke jamè, nou dwe reimajine sistèm imigrasyon an yon fason imen, jis e ekitab. » An fèt plizyè eli nan peyi a ap travay ansanm pou soutni fanmiy sa yo ke dosye yo ap etidye konnya pou konnen ki kote yo prale answit.
Peyi a nan yon ajitasyon san parèy, yo plede pou tout èd ke yo ka jwenn, genyen ladanl tou kanpe sou depὸtasyon ayisyen yo. Sa vle di ke kèk abitan dwe chèche refij nan yon lὸt peyi, ke sa fèt. Objektif la se rebay fὸs a ayisyen yo nan tout fason ki nesesè.
Pou fini, Bichotte Hermelyn, prezidan Brooklyn Democratic Party, te ajoute : « Amerik se yon tè ke fanmiy imigran konstwi, e mwen kwè ke moun k ap mande azil yo ta dwe gen posiblite pou repati a zewo, a labri risk ak pèsekisyon politik nan yon peyi ki gen gwo enstablite.
SOUS : Caribbeantoday.com, jamaicaobserver.com