Nwèl nan Karayib : Tikè w pou yon fèt cho nan 2024
20 Dec
Souple tann...
29 jiy
Foto: Koutwazi @bostrom.ingrid
La Dominik pran mezi nesesè ki pou prezève ak pwomouvwa kreyὸl, yonn nan anpil varyan kreyὸl ki pale nan plis pase yon douzèn zile nan Karayib. Kreyὸl se yon lang ki gen plis pase san lane ke Afriken yo te kreye, yo te fè fizyone lang origin yo ak pa pwopriyetè plantasyon ewopeyèn yo ki te mete yo nan èsklavaj (apnews.com).
Vèsyon yo pale nan La Dominik ak Sent-Lisi melanje ak lang afrikèn ak franse ke premye kolon yo pale e pafwa melanje ak lang endijèn. La Dominik te yon koloni fransèz pandan 48 lane, epi britanik pandan 215 lane, sa ki kondwi a bay kreyὸl anglè a jarèt sou zile a (apnewnews.com).
Tankou Hubert Devonish eksplike, pwofesè lengistik jamayiken epi manb International Center for Caribbean Language Research,« kèk moun abandone lang kreyὸl la pou chape anba povrete ak diskriminasyon, tandiske yon pati nan elit save a pran l kὸm senbὸl idantite pou yo" (apnews.com).
Devonish kontinye pou di ke nan anpil peyi nan Karayib la, « genyen yon laj akseptasyon ke pou w patisipe nan lavi nasyonal la,o u dwe pale lang pèp la» (apnews.com). Men, sa pa pwodwi nan Ladominik (apnews.com). Selon Devonish, "jiska prezan, ou ka dominiken san w paka pale kreyὸl... La Dominik vin twouve l nan yon sitiyasyon ki grav kote lang la ap pèdi" (apnews.com).
Otorite dominikèn yo ap degaje yo pou remedye a lang lang ke y ap pèdi a. zile a genyen anviwon 75 000 mil moun, ane sa La Dominik kὸmanse anseye kreyὸl nan 16 sou 56 lekὸl primè zile a genyen. « Yon poz senk minit pou koz kreyὸl la.» (apnews.com).
Selon Charlene White-Christian, kὸdonatris lang vivan pou ministè edikasyon LaDomonik,
« elèv yo aprann rasin lang lang lan ak mo ak fraz senp et kèk nan yo afronte yonn lὸt nan konkou ὸtograf ke yo mete depi 11 lane... Nou konsidere lang lan tankou l fè pati de kilti nou. Pa gen anyen san lang lan" (apnews.com).
Sous:
apnews.com
thecaribbeannewsnow.com