Souple tann...

Premye Moun Sen Vensan ki preseleksyone nan Commonwealth Short Story Prize*

27 me

 

  Foto: Koutwazi @stvitlini 

Premye Moun Sen Vensan ki preseleksyone nan Commonwealth Short Story Prize* 

Commonwealth Short Story Prize remèt chak ane pou videyo fiksyon ki pi kout e ki pi bèl san yo pa pibliye, ki gen omwen 2000 mo e ki pa depase 5000 mo. Otè yo pa dwe gen plis pase 18 lane sou tèt yo e yo dwe sitwayen ki fè pati nasyon Commonwealth yo (commonwealthfoundation.com). Gratis, pri sa ap chèche kèk ekriven ki gen anpil talan pou enspire kominote yo (Commonwealthfoundation.com). Li fè parèt e pwomosyon pou nouvo pi bèl ekriti nan tout Commonwealth la, li devlope relasyon literè nan tout mond la epi pote kèk lòt istwa yon lòt fason e touche lòt moun sou mache entènasyonal la (Commonwealthfoundation.com, opportundesk.org). 

"Istwa yo soti pi souvan nan Peyi ki pa gen gwo enfrastrikti nan domèn edisyon ak zòn ki jeyografikman, jeyopolitikman ak ekonomikman izole" (opportunitydesk.org). Pri a louvri pou vodeyo fiksyon ki tradwi. Premye pri a se 5000 ewo, se youn nan montan ki pi wo nan nivo entènasyonal pou yon nouvèl ki pa ni enprime, ni pibliye. Moun ki pral genyen pri rejyonal yo ap resevwa 2500 ewo epi y ap pibliye istwa yo a nan yon magazin sou entènèt ki rele "Granta", yon piblikasyon pou nouvo ekriti. Tradiktè yo ap resevwa yon pri anplis. 

Commonwealth Short Story Prize ap òganize sou direksyon Commonwealth writers, ki se yon inisyativ kiltirèl "Commonwealth foundation" (commonwealthwriters.org). 

"Fondasyon Commonwealth la se yon òganizasyon ant plizyè gouvènman nan sousi pou moutre menmjan Commonwealth se yon asosiyasyon ant plizyè gouvènman men li se yon asosiyasyon pou pèp yo tou". 

(commonwealthfoundation.com). Commonwealth Short Story Prize ak commonwealth writers te kòmanse nan ane 2012 (opportunitydesk.org). Objektif commonwealth writers se enspire epi konekte kèk ekriven ak moun ki konn ekri kont nan tout mond la, nan sousi pou pote yon nouvo istwa bay yon piblik mondyal (commonwealthwriters.org). 

" *Diana McCaulay*" ki se yon loreya rejyonal nan commonwealth Short Story Prize nan Peyi Jamayik te pale konsa, "Byenke nou pataje anpil eleman nan yon istwa ki konplèks, se vre espas jeyografik la separe nou, men commonwealth writers ofri nou anpil espas pou nou pataje lide nou youn ak lòt". (commonwealthwriters.org). 

Se premye fwa yon Vensansyen te rive seleksyone davans nan commonwealth Short Story Prize. Videyo "Cecil Browne" nan nan "Hat for Lemer", te pami 26 istwa ki te chwazi nan yon lis ki te genyen 6730 istwa ki te soti nan 52 Peyi ki fè pati commonwealth (stvincenttimes.com). Browne fèt sou zile Senvensan ak Grenadin men l ap viv nan Peyi Angletè depi nan anfans li. Malgre gen anpil kou l ap swiv nan matematik depi plis pase 35 ane, li renmen tou cricket, ekriti ak mizik (stvincenttimes.com). Nan ane 2018, Browne te pibliye nouvèl li a ki te rele "Coming off the long ride" nan antoloji ki rele "So many islands". 

Tou dènyeman la li fin ekri premye roman li. 

Sous: 

commonwealthwriters.org 

opportunitydesk.org 

stvincenttimes.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.