Nwèl nan Karayib : Tikè w pou yon fèt cho nan 2024
20 Dec
Souple tann...
26 okt
Selon anpil sous, Òganizasyon Nasyonzini pou alimantasyon ak agrikilti, FAO, siyale yon bès nan pri danre alimantè yo nan lemond. E se yon bon nouvèl pou abitan zile nan Karayib la.
Rapò FAO
Rapò nasyonzini an endike ke pri yo toujou yon tijan piwo parapò ane pase men yo kontinye ap bese tou piti. Pri ki bese yo konsène 5 atik, pwodi ki gen lèt yo, sik, vyann, sereyal ak lwil vejetal. 5 nivo pri sa yo te bese soti mwa jiyè rive mwa dawou.
Depi 5 mwa, endis pri a kontinye ap bese. Se yon bon nouvèl lè n ap gade ansyen rapò mwa mas yo. Nan fevriye 2022, pri danre alimantè yo te monte byen wo e sa te bay anpil pwoblèm.
Enpak gwo pri manje genyen sou touris
San touris, zile yo nan Karayib la pap ka pwospere. Touris la asire yon stabilite ekonomik. Men ak pri yo k ap monte byen wo, epi manje yo ki pa rive a tan, ekonomi an ak byenèt moun yo sou zile a pa kòdyòm. Touris la mande pou gen manje disponib, menm jan ak moun yo k ap viv sou zile yo. Sèl mwayen pou jwenn kèk angrè, sereyal ak semans pou itlize nan Karayib la se enpòtasyon.
Konbat ensekirite alimantè
Malerezman, 40 a 45 % popilasyon Karayib la nan ensekirite alimantè akoz pri yo ki wo ak mank apwovizyònman. Alòs, kisa moun yo dwe fè ? Yon fason pou bay fanmiy yo manje, sila yo ki pi pòv yo oblije chanje rejim alimantè yo pou lòt manje ki plen vant yo pi vit men ki pa bay ase nitriman nesesè pou kwasans ak devlòpman.
Efè yon move nitrisyon gen gwo konsekans, e y ap kontinye si pri manje yo pa desann. Dapre Bank Mondyal—« Lòske bezwen nitrisyonèl yo pa satisfè, moun yo genyen yon pwodiktivite ki pi fèb e lè w pa byen manje sa gen gwo danje sou devlòpman fizik ak mantal timoun yo. Kriz ke n ap viv la jounen jodia ka afekte moun men tou pèspektiv kwasans tout peyi nan Karayib la lon tèm.
Pakonsekan, bès pri yo se yon rapò ankourajan nan yon epòk kote anpil moun bezwen bon nouvèl.
SOUS: today.CARICOM.org, worldbank.org