Nwèl nan Karayib : Tikè w pou yon fèt cho nan 2024
20 Dec
Souple tann...
11 jan
Turks and Caicos se yon teritwa Britanik ki sitiye lòt bò lanmè nan Karayib la e ki genyen de gwoup zile : zile Turks yo ki sitiye a lès epi Caicos yo a lwès. Paradi twopikal dekontrakte sa genyen presipitasyon ki pi fèb nan zòn Karayib la, ki vle di gen plis jounen ansoloye la pase tout lòt kote ki pa twò lwen zòn sa.
Teren an pa wo e li kouvri avèk forè ak zòn imid marin. Sipèb plaj yo genyen anpil popilarite pandan ane yo ap pase pandan peyi kontinye ap pwospere gras aktivite touristik la.
Plis pase 44 000 moun k ap viv sou Turks and Caicos, Laplipa nan yo ap viv sou sèlman 9 pami 100 zile ak kay nan peyi sa. Turks and Caicos selèb pou bèl kote pou moun plonje nan dlo avèk bèl arebò lanmè yo genyen.
Istwa sou zile Turks and Caicos
Premye abitan zile sa yo se te pezib Tayino yo ak Likayan, ki te kalifye anpil nan kesyon lapèch, kilti ak anpil lòt bagay ankò. Se moun sa yo ki te depoze premye baz pou peyi sa chita tankou nou konnen jis jounen jodi a.
Malerezman, lè Kristòf Kolon te rive sou zile a nan ane 1492, sivilizasyon sa te aneyanti byen vit. Zile sa yo te apèn kòmanse gen moun nan trant ane ki te vini apre yo. Bèmidyen te vizite zile sa yo pou yo pran disèl ki te genyen anpil pou te pote lakay yo, kote yo te itilize li pou asezone epi konsève aliman.
Fransè yo avèk Espanyòl yo te kite zile Turks and Caicos Bèmid pandan yon ti kras tan. Talè konsa, Britanik yo ta pral reprann tè a pou Bèmidyen, e yo te vin tounen yon kote ki asire pou pirat yo avèk lwayalis Britanik nan moman revolisyon ameriken an.
Avèk trete Vèsay la, Angletè revandike peyi sa. Men vire tounen yo poko te fini. Nan ane 1766, zile Tòk avèk Kekòs te vin tonbe anba men gouvènman Bahamas la. Alafen, zile sa yo te vin tounen yon koloni Britanik, jis rive jodi a.
Nan kòmansman ane 1980 yo konsa, zile Turks and Caicos te kòmanse louvri pou resevwa touris kote yo etabli kèk sant vilyajeti ak kèk lòt ebèjman pou vizitè. Jodi a li kontinye ap pwospere nan endistri touris la e rekonèt kòm youn nan vakans bò plaj ki pi liksye e ki pi bèl nan mond la.
Kilti a nan zile Turks and Caicos
Tankou anpil zile nan Karayib la, kilti inik zile Turks and Caicos la enflyanse ak yon bann lòt kilti ki te jwe yon wòl enpòtan nan istwa li, tankou otoktòn ki gen orijin, Fransè, Espanyòl, Afriken, elatriye. Koleksyon enfliyans sa te melanje pou te kreye yon ansanm espesyal nan kwayans, relijyon avèk tradisyon.
"Ripsaw music" se yon fòm eskpresyon mizikal fasinan, ki gen yon vibrasyon inik nan zile Turks and Caicos, ki mete limyè sou kèk enstriman tankou : Si, tanbou ki fèt ak po kabrit, akòdeyon, maraka avèk gita akoustik. Alòske mizik "ripsaw" la toujou jwe yon wol enpòtan nan kilti a, mizik modèn nan rive evolye akoz enflyans kèk zile vwazen. Tankou, abitan zile Turks and Caicos yo renmen tou, rege, kalypso, avèk jinkanou, patikilyèman lè yo melanje lòt estyl mizik sa yo avèk mizik tradisyonèl yo a.
Kwizin nan sou zile a genyen kèk fwi ki soti nan lanmè, griyo, konk fri, krab avèk diri. Manje nasyonal zile Turks and Caicos rele "Cracked Conch, yon konk fri ki gen yon asezónman ki fèt avèk engredyan lokal, ki sanble avèk benyè konk.
SOUS: Turksandcaicostourism.com, Visittci.com, Tripsavvy.com