Souple tann...

Taboularaza pou 2021

11 mas

Taboularaza pou 2021

Dapre Dictionary.com, yon taboularaza defini konsa:

            "Yon nouvo depa; sitou pou pran yon nouvo depa pou w efase sa k te pase yo. Fraz sa soti nan itilizasyon lakrè ak adwaz nan klas nan tan lontan. Lè w siye adwaz la, yon elèv ka efase tout pwèv yon erè."

Eske nou pa pare pou yon taboularaza nan 2021? Men pou kounye a, sa poko rive pou majorite moun. Nan moman an, plis moun pare epi ap chèche kote ajan imobilye yo ye pou ede yo jwenn yon lòt kote nan mitan nouvo nòmalite sa ke nou tout dwe rèspèkte.

Sila yo ki vle yon taboularaza nan 2012 chèche kote ajan imobilye yo ye.

Pandan n ap fè rechèch sou imobilye nan 2021, tout moun ka wè ke tandans yo ap monte an flèch e yo pa montre ke y ap kanpe. Akoz pandemi an, to enterè yo ki ba ak dezi pou chanjman, moun yo fè rekò nan zafè achte epi vann kay. Sa nou byen konnen sou pwosesis pou kreye taboularaza, sa ka difisil oubyen eksitan pou tout moun, sa depan jan w gade bagay la. W ap jwenn nan lis ki anba a kèk lide pou kreye taboularaza pou 2021 ak lòt ane k ap vini yo.

Atitid pozitiv

 Lè w panse pozitiv sa kreye yon taboularaza nan lespri a. Ane pase a te chaje ak laperèz, ensètitid ak chagren pou anpil moun. Lè w deside fè kèk chanjman, ou ka kòmanse modifye jan w te konn panse. Lakontantman ak viv ere se yon chwa pou simonte sa k negatif epi siye adwaz la pou yon nouvèl avanti. ankouraje atitid pozitiv yo lakay ou nan fanmiy ou pou yon taboularaza nan lespri.

Yon lòt kote pou viv

 Gen kèk ka kote yon andwa diferan nesesè. Pafwa, demenajman se yon opòtinite pou taboularaza kote w ap viv la. Ou pwal kòmanse ka kreye lòt souvni ak reve yon ti kras nan lòt kay la. Panse a posiblite ki egziste yo. Si w te toujou viv nan yon mezon, ak kisa yon kondo sanble? sipoze ou pare pou lwe oubyen achte yon kay. Eseye yon kote oubyen yon èstil kay  ou pot ko janm viv ladanl.

Kapab genyen anpil anpil opòtinite nan yon nouvèl kay. Ke w redwi nan efèktif ou oubyen achte yon rezidans segondè, rèv ou [a limite sèlman a desizyon pou taboularaza kote w rete. 

Kreye lòt abitid

Lè w fin jwenn lòt kote sa pou viv, li pra l tan pou w chèche yon adwaz tou nèf pou nouvèl abitid yo. Nan yon lòt anplasman, ou ka kite dèyè tout ansyen abitid yo pou w ka kreye lòt. Petèt ke nouvo kay la ka nan yon andwa ki pi adapte pou monte bekàn. Petèt ke l jwenn li tou pre yon plaj oubyen yon pak. Soti se yon ekselan abitid pou w bay tèt ou. Jwenn mwayen pou kreyelabitid pozitiv pou yon pi bon fason pou viv ak pi bon kalite lavi. Se yon bagay ou merite apre tou.

Kòman ajan imobilye Kayifi yo kabap ede w

 Pou opòtinite imobilyè nan zile Karayib yo, kòmanse analize kay ki disponib yo ak yon ajan Kayifi ki trè amikal. Yo pare epi dispoze pou ede w jwenn chwa favorab pou w fè taboularaza pandan 2021 oubyen nenpòt ki ane.

Jwenn yon nouvèl kay kapab yon avanti pasyonan ke w gen bezwen depi yon lane. Anplis to enterè yo pa t janm ba konsa nan tout listwa, sa k fè acha vin yon reyalite pou anpil moun ki pa t ka anvizaje sa nan ane pase yo.

Petèt ou ka ap chèche pou lwe. Laplipa nan ajan imobilye yo kapab ede w. Sèlman kontakte ajan imobilye lokal pa w la epi kòmanse pwepare w. Yon nouvo depa se egzateman sa anpil moun  bezwen nan moman sa yo

Kòmanse pa yon taboularaza

Rekòmanse pa t janm fasil, nesesè epi menm ankouraje konsa. Kontakte yon ajan depi jodia pou tanmen lide tou nèf ou yo pou:

  • Yon atitid pozitiv
  •  Yon lòt kote pou viv
  • Ak nouvèl abitid yo

nou ka efase ansyen bagay epi kite nouvo bagay yo antre. Ann kòmanse nouvèl avanti sa ak yon taboularaza depi jodi a!

Sous: dictionary.com   forbes.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.