Souple tann...

Destinasyon vakans nan Jamayik: Montego Bay

15 avr

Destinasyon vakans nan Jamayik: Montego Bay 

Fèt nan Montego Bay 

Ak vi lanuit li ki trè anime, plaj klere li yo, e menm boutik kote w pa peye taks, Montego Bay se andwa ideyal pou  fèt… kote pou detann ouSa w pral chwazi  a depann de woupaske Montego Bay genyen yon pati nan tout sa w bezwen pou pase bon vakans fantastik nan Jamayik. Me sa w ka espère de destinasyon vakans ou Montego Bay. 

pwopo de Montego Bay 

Se sa tout vakansye nan lemond antye ap reve. Si w ap chache plaj ak sab blan ak yon andwa pou pwofite de solèy la ak pran plezi, Montego Bay genyen sa. Si w ap chache  fèt tout lannwit ? vini nan Montego Bay pou sware anime chak jou. Ou menm tou, ou ka kreye souvni k ap dire tout lavi nan bèl Montego Bay. 

Moun yo bay li ti non gate MobaySe dezyèm pi gran vil nan Jamayik e se yon lye touristik. Ou pa ka genyen pari sa fas bèl plaj nan flan montay yo, yon kote ideyal pou vakan epik. 

Pa manke opὸtinite yo 

Pou amize w anba solèypa chache pi lwen pase Montego Bay. Tèlman genyen bagay pou  sou zile Jamayik ke w ap gen anvi rete pou yon moman. Me kèk nan opὸtinite ou pa dwe manke pou dekouvri nan Mobay. 

Èspὸ nan dlo 

Si reveye epi se nan dlo ou ta renmen al pase jounnen w, ou gen anpil chans ! nan Mobay gen vwal, pèch, dolphin coveplonje ak anpil lὸt bagay. Monte sou yon bèl catamaran, oubyen petèt yon gwo bannann. Plonje anba dlo oubyen  kouri sou dlo a pou obsève la vi nan lanmè nan tout splandè li. Plaj ak sab blan ak bèl dlo ble, genyen èspὸ nan dlo pou tout moun isit la. 

Atraksyon 

Si la nati se zafè pa w, ou pral vle vizite AHHH… Ras Natango Gallery and Garden.  Rose Hall Great House sitiye sou 23 a pwopriyete bὸ lanmè ak plantasyon Bellefield Great House and Garden. 

Pou sila yo ki renmen bètdekouvri fèm pou zannimo  Rocklands Bird Sanctuary, oubyen petèt ou ta renmen yon vire nan dlo sou cheval nan  Half Moon Equestrian Center. 

Lakou glf 

Ak plis pase 12 teren gὸlf nan Jamayikgenyen yon pakou pou tout nivo. Eseye yonn nan 3 sila yo: 

  • Klèbgὸlf  Cinnamon Hill 
  • Half Moon Golf Club
  • TryallClub 

Tèrm yo ( kote pou benyen) 

Pwofite de yon jounen detant nan yonn nan spa yo ki nan Mobay. Ou ka menm pran masaj pandan ap gade dlo. Kite yo karese w pandan tout yon jounnen nan Montego Bay. 

Acha 

Se pa mantigenyen anpil posiblite pou w achte nan Montego bay. Bijou ak rad, pafen ak kosmetiksouvni ak pwodwi spesyalizeacha san taks yo ka pou kont yo yon jounen  kontan ak plezi. 

Pou moun ki renmen bon  manje 

Pou nou ke bon manje enteresegenyen anpil chwa nan zafè restoranSoti nan ti manje sou plaj la rive nan bon jan repa fòmèlmelanj kreyasyon ki apetisan se yon paradi pou tout fen goumè yo. Nan Montego Bay, asire w ke eseye yonn nan pla natif natal jamayiken sa yo. 

  • Bammies:gato pèp endijèn Jamayik yo. 
  • Dukounou: poudingvapè semoul mayi ak kokoye vlope nan fèy bannann. 
  • Labapen:yon delis ki soti nan kapitèn William Bligh du Bounty Fame. 
  • Galèt:yon tat epise ak vyann pou kolasyon. 
  • Chèv curry: yon pla end oryantal sèvi ak diri ak pwa. 

Se vre ke vizitè yo pap vle manke pla nasyonal jamayik la. Aki ak pwason sale, li bon anpil! 

Kote pou w  la desann nan Montego Bay 

Ak yon pakèt kote pou w rete nan Montego Bay, menm vwayajè ki pi egzijan yo ap pase yon sejou edeyal. Ak pwopriyete  lanmèbèl otèl chaje ak chàmvila ak konplèks ki gen tout bagay nan yo, genyen yon bagay pou chak kategori vizitè nan MobayDekouvri konplèks sa yo ak anpil lòt ankò pou yon sejou inoubliyab. 

  • Jewel GrandeMontego BayResort 
  • HyattZivaRose Hall 
  • Half Moon Resort

Rete , jwe nan Montego Bay 

Vin pwofite dlo  Montego Bay yo pandan jounen an, oubyen rete pase tan w a eksplore tout sa ke Mobay gen pou ofriPa bliye vizite blòg Kayifi la  pou konnen plis sou lòt destinasyon vakans nan karayib la . 

Sous : montegobayjamaica.com et visitjamaica.com 


Kontakte nou pou rezève yon lokasyon vakans