Souple tann...

Erè w Dwe Evite lè w Gen yon Kay pou Vann.

13 me

 

Erè w Dwe Evite w Gen yon Kay pou Vann. 

Ak yon kay prive yo chwazi vann, pwopriyetè yo konn komèt anpil erè. Men, si w gen konfyans, konesans ak kèk zouti pou w reyalize sa, w ap ka evite kèk depans, tankou kòb pou w peye yon koutye ak kèk lòt depans anplis. Sitou, si se premye fwa w ap vann pwòp kay ou, ou ta renmen konnen kèk gwo erè ki ka rive w epi aranje w pou sa byen pase pou ou, sa vle di an favè w ? 

Anpil pwopriyetè konn inyore sa. Men nou konnen lè w chwazi vann kay ou, li ka parèt konplike e fatigan an menm tan. Men lè w aprann konnen kèk erè w dwe evite tankou sa nou pral site la yo, sa ap ede w plis pase sa w te ka panse. 

1- Kiite Emosyon w Mennen Desizyon w. 

Li fasil pou w parèt emotif lè w deside vann pwòp kay ou. Anpil fwa, kay nou konn devni yon gran pati nan vi nou, gras anpil bon souvni. Li ka parèt difisil anpil pou pwopriyetè yo, pou yo rive jere emosyon yo lè yo fin pran yon desizyon konsa, ki se vann pwòp kay yo. Nan moman w deside vann pwòp kay ou, evite erè anpil pwopriyetè konn fè, lè yo plis konsidere tèt yo tankou yon vandè e non tankou yon pwopriyetè. Nan yon lòt sans sa vle di, konsidere sa w deside fè a kòm yon desizyon finansye epi mete emosyon w akote. 

2- Fikse yon Pri ki twò wo oubyen Twò Ba, 

Nan je w kay ou a pa gen pri. Li gen anpil souvni ki makònen w ak li ak anpil lòt bagay pèsonèl ou te ajoute sou valè l ane apre ane. Men, li enpòtan pou w pa fikse pri kay w ap vann sèlman sou sa w panse li vo selon ou menm. Paske depi pri a twò wo, moun ki te gen entansyon achte l yo ap fèmen je yo sou li, pou y al dèyè yon lòt kote pri a pi abòdab. Kidonk, menm si w kwè kay ou a pa dwe vann nan nenpòt pri ki ba, sa ka fè w rate anpil opòtinite pou w jwenn moun pou w vann li, l ap difisil pou jwenn moun ki deside achte l k ap wè bagay yo menmjan ak ou. Pa bliye fè anpil rechèch sou sa, ou ka menm rive pran konsèy nan men plizyè moun ki fè sa deja. 

Yon lòt kote ankò, si pri w mande a twò ba, li ka deranje pwosesis pou w vann kay la pi rèd. Si w dezespere moun ki anvi achte l yo ap ka santi sa menm si yo ta byen lwen w, sitou sa  ki gen konesans yo, yo ka wè jan w deside parèt pafè, e nivo w dezespere a ka dekouraje yo byen fasil. 

Swa w mande yon gwo kòb pou kay la, swa w mande yon kòb ki twò ba, sa ap toujou mande w pou w fè anpil efò, pou w chèche e rive fikse yon pri ki apwopriye ak kay ou a avan w fè konnen ou anvi vann li. 

3- Foto w ap Iltilze Pou Anons 

Youn nan erè ki trè kouran anpil vandè endepandan toujou konn fè, se lè yo pa chwazi fè anons la ak foto ki vrèman pwofesyonèl sou kay la. Pou anpil nan yo sa pa twò enpòtan pase sa. Poutan se pa vre, foto pwofesyonèl yo enpòtan anpil nan pwosesis la. Achtè ki serye yo ap toujou pote anpil atansyon sou foto ki plis pwofesyonèl yo nan anons yo. Paske youn nan avantaj, foto pwofesyonèl yo genyen, yo pèmèt moun ki anvi achte gen yon pi bon eksperyans vizyèl sou kay la. Lè yon achtè potansyèl ap analize foto yon pwopriyetè ki pa gen eksperyans, li p ap nan patipri pou pwopriyetè a. Anplis, foto pwofesyonèl yo rann kay ou anvi vann nan parèt pi pwofesyonèl nan je achtè potansyèl yo. Lè w pa parèt pwofesyonèl nan je kèk achtè, sa ka fè w rate anpil gwo kontra. 

4- Lè w  Ezite Antreprann Negosiyasyon. 

Si w santi w pa gen konfyans nan tèt ou ase pou w negosye pou kò w, ou dwe petèt pase men w ankò nan pwosesis pou w vann kay la. Eksperyans la ap itil ou. Paske l pa fasil pou yon moun rive vann yon kay san pa genyen negosiyasyon. Ebyen, fòk ou pare pou w fè monte desann ak yon achtè ki enterese achte kay la nan men w. Tankou, si yon achtè pwopoze w yon pri ki pi ba pase sa w mande a, fòk ou pa pè mande l youn ki pi wo pase sa l pwopoze w la. Anplis, ou dwe toujou pare pou kèk lòt negosiyasyon ki ale pase valè ou bay kay ou anvi vann nan. Gen kèk lòt bagay ki ka sibi negosiyasyon, tankou dat pou achtè a vin peye w la, aparèy elektwomenaje yo elatriye. 

5- Byen Evalye Valè Kay la Avan w Mete l Pou w Vann. 

Avan w mete kay la legalman pou vann, ou dwe fè evalye l avan, pou w wè si pa gen kèk bagay ki merite repare ladann. Sa ka rive ou fè sa pou kò w. Men ou p ap jwenn konsèy yon pwofesyonèl. Anpil fwa lè w chwazi yon pwofesyonèl pou evalye l ni pou ou, ni pou lajan w depanse pou sa a, li p ap yon tan pèdi, okontrè. Paske achtè yo bò kote yo, yo ka peye yon lòt moun ki pwofesyonèl vin evalye kay yo ta renmen achte a avan yo achte l, lè w pa kwè apre evalyasyon yo a yo ka mande w pou w repare kèk bagay, oubyen yo ka mande w pou w retire sou kòb ou mande a. Alò prefere w prepare byen bonè pou w evite sa, l ap pi bon si w fè evalye kay ou deside vann nan. 

6- Deside pa Afiche Kay la  

Yonn nan erè ki komen anpil ou dwe evite, se lè w pa afiche kay ou anvi vann nan. Paske pèmèt nenpòt moun ka wè l, se yon bon mwayen ki ka pèmèt ou vann li pi rapid e nan yon bon pri, ou dwe ekspoze kay la tankou yon moniman ki nan yon mize. Mete nan tèt ou san achtè yo pa bezwen konnen sa, sa k priyorite pou yo, yo plis ap chèche mennen yon mòd de vi ak yon bon kote pou yo rete. Alò, ou dwe reponn pou w satisfè atant yo, pandan w ap ekspoze kay ak yon bèl dekorasyon ak bèl mèb ki resan. E pou w rive vann kay la vrèman w ap bezwen reponn ak mòd de vi kay w ap vann nan ka ofri achtè ki enterese yo, pran tan ou pou w reflechi sou kèk bagay ki ka konplete kay la pi byen. 

Anplis, ou ka toujou angaje kèk pwofesyonèl pou w mete plis valè sou kay la. Gras eksperyans pwofesyonèl yo sou pwen sa a, nan konsepsyon ak anplasman yo genyen ki varye, ekspè sa yo ka imòtalize kay ou a e prepare l pou l vann pi rapid. 

SOUS: Privateproperty.co.za, Investopedia.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.